Bay èd ou pou pwogrè Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal la

Chak ane, yon kantite moun ak òganizasyon k ap ogmante patisipe nan Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal la. Nou swete resous ki nan zouti sa a ede w gaye pawòl la nan rezo w yo.

  • 8yèm Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal anyèl la se 16 janvye 2024! Nou envite w patisipe nan konvèsasyon pou pataje laverite, ranfòse relasyon epi bati konfyans pou kreye yon monn ki pi jis, e kote tout moun gen menm dwa. Ale sou DayOfRacialHealing.org pou w aprann plis. #HowWeHeal

  • Mete l nan kalandriye w! Vin patisipe nan 8yèm Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal nou selebre chak ane a, madi 16 Janvye, kote n ap konekte, bati relasyon, epi elimine diferans ki divize nou. Chèche yon evènman ki tou pre w oswa enskri pou w òganize youn! Se #HowWeHeal https://dayofracialhealing.org/tell-us-about-your-event/

  • Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal la se yon moman pou nou admire valè nou pataje yo epi kreye egzanp ansanm, plan estratejik pou #HowWeHeal/Kòman geri de enpak rasis yo. Li te lanse nan lane 2017, e se okazyon pou rasanble tout pèp yo ansanm pou apresye imanite yo, epi ankouraje aksyon kolektif pou kreye yon monn ki pi jis ak kote tout moun gen menm dwa. Chèche resous, chèche yon evènman, oswa pran yon ti tan pou w apwofondi konpreyansyon w lè w ale sou DayOfRacialHealing.org.

Bonjou, [mete non an],


Jou k ap 16 janvye 2014 la, kominote nan tout peyi a ap patisipe nan Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal. Se yon jou espesyal pou rekonèt valè nou pataje yo, bati konfyans youn gen nan lòt, kreye lyen ki sensè epi enspire aksyon nan tèt ansanm k ap amelyore #FasonNouGeri anba rezilta rasis. Se pral 8yèm fwa n ap selebre l.


Pral gen de evènman W.K Kellogg Foundation pral òganize an patenarya ak NBCNews ak Telemundo:


  • Evènman espesyal NBC News NOW nan Los Angeles, CA pral kòmanse a 9 p.m. EST / 6 p.m. PST nan vandredi k ap 12 janvye.
  • Ap gen yon espesyal k ap fèt ann Espanyòl depi Los Angeles k ap kòmanse a 7 p.m. EST / 4 p.m. PST nan samdi k ap 13 janvye, sou sit entènèt TelemundoYouTube, Facebook , ak Twitter/X yo epi yo pral pase sou Telemundo samdi 20 janvye a 5 p.m. EST / 2 p.m. PST.

[Ajoute enfòmasyon konsènan posibilite pou w ale oswa patisipe nan evènman lokal yo, si genyen.]


Jou a se yon bèl opòtinite tou pou ouvri espas pou konvèsasyon, swa ak yon moun oswa ki fèt ak ti gwoup nan katye w, espas nan kominote yo ak òganizasyon yo. Gen yon gid konvèsasyon ak lòt resous ki disponib sou sit entènèt ki fenk fèt la ki se: www.DayofRacialHealing.org.


Tanpri, fè m konnen si w ta renmen pale plis konsènan posibilite pou w kontinye gerizon rasyal ak jistis nan kesyon ras nan kominote nou an. Mwen pa ka tann Jounen Nasyonal Gerizon Rasyal pou ane sa a e m swete w ap vin patisipe avè nou.


[Siyati]


Copyright © 2023. All rights reserved.